Bòlèt an Ayiti – tout sa ou dwe konnen - Lotto.ht (2024)

Li difisil pou jwenn yon moun resiste anba tantasyon pou jwe lotri, yon jou oubyen yon lòt paske gwo lo yo egal ak valè ki vrèman enteresan. Kantite ak valè lotri yo ap ogmante chak jou sa fè tantasyon pou jwe a ap ogmante chak jou tou. Plizyè milye moun jwe lotri chak jou e sa fè jwèt lotri yo ap vin pi popilè nan mond lan tou. Gen anpil kalite jwèt lotri ki enterese diferan nasyonalite. Ayisyen yo tou renmen jwe lotri anpil epi yo depanse anpil lajan nan bòlèt. An Ayiti, bòlèt la se yon fenomèn kotidyen kote moun kap jwe yo se plis moun pòv ki espere fè yon fòtin yon jou o aza. Pi gran rèv yon jwè Ayisyen se jwe jiskaske li genyen gwo lo a yon jou pou li ka devni rich. Sa fè aktivite sa ap vin pi enpòtan de jou an jou nan peyi a epi atire atansyon plis moun.

Bòlèt an Ayiti – èske li legal?

Sektè sa òganize nan fason diferan nan chak peyi. Lwa lejislatif Ayisyen an rekonèt de antite kap reglemante jwèt sa yo: Lotri Leta Ayisyen (LEH), òganis Leta otonòm ak asosyasyon Nasyonal tenansye Bòlèt (ANTB), yon enstitisyon ki pap travay pou lajan. An |Ayiti Jwèt aza yo dwe gen yon dwa fonksyònman ki se yon dokiman yo bay nan kòmansman chak egzèsis fiskal ki bay tout antrepriz kap ofri sèvis jwèt aza dwa fonksyone. Tou de enstans sa yo kolekte taks nan men antrepriz kap evolye nan sektè bòlèt yo. Byen ke dekrè 9 jen 1989 la, nan atik2 a, rekonèt LEH kòm reskonsab bòlèt nan peyi a. Sa vle di ANTB ta dwe yon asosyasyon kap evolye nan pledwari pou tenansye yo men li pa ta dwe nan kolekte taks. Sa fè ke wap jwenn bòlèt kap fonksyone anba otorizasyon ANTB epi gen lòt kap fonksyone ak otorizasyon LEH bay yo.

Malgre gwo batay sa pou konnen kiyès ki dwe kolekte taks pou fonksyònman bank bòlèt yo, tou de antite yo rekonèt ke sektè lotri a rete yon sektè ki pa regilarize. Timoun ki poko gen 18 lane pa ta dwe patisipe nan jwèt lotri a, alòske se chak jou timoun ap prezante nan bank bòlèt yo pou achte boul swa pou yon moun ki voye yo, swa pou yo menm. Poutan verifikasyon laj, jan sa ye nan lwa sou pwoteksyon minè a, ta dwe yon pwen enpòtan nan reglemantasyon lotri a pou asire yon meyè pwoteksyon jwè yo.

Poukisa Ayisyen jwe lotrie?

Nou tout konnen ke Ayiti se yon peyi pòv kote ke plis pase mwatye nan popilasyon an ap viv pi ke sèy povrete a. Tranbleman tè ki te ravaje vil Pòtoprens ak zòn ki ozalantou yo janvye 2010 la vin agrave sitiyasyon vilnerablite popilasyon an. Pwodiksyon nasyonal la ap bese konsiderabman sa fè popilasyon an ap chèche rekonfò nan yon seri aktivite ekonmik enfòmèl tankou jwèt aza prensipalman lotri ke yo konsidere tankou yon mwayen pou yo soti nan sitiyasyon mizerab yo, yon altènantif kap pèmèt yo reponn ak bezwen yo.

Sitiyasyon sa prezan toupatou sou nan peyi a e apre moun ki kretyen pwotestan yo, ou pap fasil jwenn yon moun ki pa jwe bòlèt. Yo jwe ak espwa ke yap genyen gwo lo a yon jou kap pèmèt yo soti nan sitiyasyon mizab ke yo ye. Anpil fwa, jounen yon fanmi an Ayiti repoze sou yon boul ke yo mize nan bòlèt. Anpil moun jwe pou move lavi, men gen moun ki jwe lotri se jis pou plezi. Donk nou kapab wè ke lotri a jwe yon gran wòl nan ekonomi Ayisyen an.

Jwèt lotri ki pi popilè an Ayiti

An ayiti chaje jwèt aza. Men se bòlèt la ki pi popilè. Pa gen yon ayisyen ki pa konn jwèt yo rele bòlèt la menmsi li pa janm jwel. Jwèt lotri yo gaye tout nan peyi a. Ayiti sanse gen plis bank bòlèt pase enstitisyon finansyè. Gran antrepriz bòlèt yo nan peyi a se Lesly Center, Père Éternel bòlèt, Toto Borlette, LaConfiance, Rapidite ki pataje mache gran vil yo, nan espas riral yo se yon seri operatè lokal ki ranpli fonksyon sa. Tiraj yo gen yon fason yo fason yo fèt. Sou chak lo ki soit toudepann de pozisyon li, ou gen yon sòm kòb ou touche. Gen bank ki peye premye lo a 60 fwa kòb ou te jwe a, dezyèm nan 20 fwa, epi twazyèm nan 10 fwa. Men gen lòt tou ki peye premye lo a 50 fwa kòb ou te jwe a. Nan jwèt lotri yo genyen: bòlèt, maryaj, loto twa chif, loto kat chif, loto chif, pikliz, dekabès etc… Li mande pou gen yon ekspètiz espesyal pou itilize chak lotri sa yo.

Bòlèt New York

Bòlèt New York se yon jwèt aza senp ak amizan ki ka fèw genyen plizyè milyon dola. Tiraj la fèt de fwa chak jou: yonn a midi yo rele New york midi, yon lòt aswè a 8è yo rele New York aswè. Lè wap jwe ou ka fè bòlèt, maryaj, loto twa chif, loto kat chif, loto chif, dekabès, yo ka baw pikliz tou etc. Rezilta bòlèt New York yo afiche nan televizyon ak kay tout ajan distribitè lotri otorize yo nan peyi a. Ou se yon gayan bòlèt New York si nimewo ou a/yo fè pati de twa nimewo yo ki soti nan tiraj la.

Si ou vle konnen plis - li atik nou an sou bòlèt New York an Ayiti.

Kijan pou jwe lotri an Ayiti?

An Ayiti chaje magasen ak detayan kap vann biyè lotri. Ou pap fasil jwenn yon aglomerasyon 20 kay san yon magazen oswa menm yon detayan kap vann biyè lotri. Pafwa gen machann anbilan kap pwonmenen tikè lotri tou swa pou yon prim tankou kòdenn, radyo oswa pou pou lajan. Men an majorite, pou jwe lotri Ayiti se nan yon biwo oswa kay yon detayan pou ale. Men jounen jodi a gen anpil evolisyon ki kòmanse fèt nan zafè lotri a. Tankou, gen seri sit entènèt kote ou ka jwe boul ou an liy byen fasil tankou Tiraj Rapid ki se yon pwisan motè estatistik pou bòlèt, mesaje bòlèt fyab ki achte bòlèt an Ayiti pou kliyan ayisyen nan 35 peyi. Gen lòt sèvis lotri tou ke kèk konpayi telefonik (Digicel ak Natcom) ofri tankou lisa ak Bòlèt Pi PRE. Pou jwe, ou jis bezwen chwazi yon nimewo ak kantite lajan ou vle jwel la. Ou ka jwe kantite boul ou vle. Ou ka fè maryaj, loto twa chif, loto kat chif, loto 5 chif, elatriye.

Kijan pou verifye rezilta lotri yo an Ayiti?

Tcheke rezilta bòlèt an Ayiti depan de ki kote ou te jwe ak kijan ou te jwe. Tout rezilta bòlèt ofisyel yo bay nan televizyon ak nan radyo epi yo afiche nan tout magazen ki bay sèvis lotri nan tout peyi a osinon ou ka verifye yo an liy sou sit entènèt nenpòt nan entrepriz kap vann tikè lotri yo. Men detayan ki nan milye riral yo ki fè pwòp tiraj pa yo pa bay nan televizyon ni nan radyo. Wap jis pase kay detayan an pou konnen nimewo ki afixhe yo. Si omwens yonn nan nimewo ou ter jwe yo afiche, ou genyen. Si ou te jwe nan bòlèt yonn nan konpayi telefonik yo, wap resevwa yon mesaj ki konfime w si ou genyen.

Tchala – yon liv rèv

Jwe lotri vin devni sèl solisyon ti pèp sa ki gen sèlman rèv li pou envesti. Men lotri pou Ayisyen pa sèlman yon aza : selon yo menm li mistik tou, ou sèlman bezwen konnen kijan pou entèprete rèv ou. Bagay ou wè nan dòmi, ke lespri yo kominik w’, yo tout koresponn ak yon nimewo. Pou jwenn nimewo sa yo ou sèlman bezwen konsilte yon diksyonè rèv yo rele Tchala, veritab bib jwè yo. Tchala se diksyonè ki pèmèt jwè bòlèt yo tradwi rèv yo an chif pou yo ka al jwe. Tchala date lontan nan listwa bòlèt Ayisyen an. Pwopriyetè bòlèt yo vini ak diksyonè sa a pou fasilite amatè yo jwenn boul pou yo mize nan tiraj yo. Ayisyen kwè nan tchala paske yo se yon pèp ki trè espirityèl. Yo itilize rèv yo pou anpil bagay nan lavi a. Sa vin fè tchala a vin itilize anpil nan lotri Ayisyen an.

Kesyon an vin ap evolye kote ou menm jwenn seri platfòm/aplikasyon ki pèmèt ou marye rèv ou ak yon chif pou ka jwe tankou TCHALAM. Yo itilize TCHALA nan bòlèt an Ayiti pou fasilite amatè yo oswa jwè bòlèt yo. Li bay yon lis nimewo espirityèl li rele tchala. Li se yon entèpretasyon rèv ke moun ka itilize pou jwe bòlèt. Sa a ogmante chans an favè moun lan lè l'ap jwe. Nimewo ki nan TCHALA yo lye ak yon seri eleman natirèl, sa ki vle di se yon fason pou defini chak eleman sa yo, sa ki pral rann jwèt aza sa a pi senp pou jwè yo, yo pral gen pou yo jwe an fonksyone de eleman yon te wè nan rèv yon a oubyen selon rezilta matematik ke yo te reyalize pa rapò ak dènye lo ki te soti swa nan midi oubyen nan aswè.

Si ou vle konnen plis, li atik nou an sou Tchala.

Loto Ayiti (Lotto.HT) - premye bòlèt nasyonal sou entènèt la

Lè nou pale de bòlèt an Ayiti - nou pa ka mansyone Loto Ayiti an. Nan 2021, yo te prezante yon nouvo mak bòlèt eksepsyonèl bay tout fanatik bòlèt ayisyen yo. Tout Loto Ayiti a reglemante, se yon bòlèt ofisyèl ke gouvènman ayisyen an apwouve. Tout ayisyen majè ka jwe sou entènèt sou sit entènèt Lotto.HT oswa nan men ajan lokal k'ap travay pou Loto Ayiti.

Nouvo mak bòlèt la ofri de bòlèt enkwayab: GG World Million ak GG World Keno. A lavni, jwèt kap vini yo ap disponib sou entènèt ak kay ajan lokal yo.

Tiraj GG World Keno fèt chak 4 minit! LSe jwè a ki pou deside konbyen nimewo li pral chwazi (1 pou rive 10) ak ki paryaj li pral fè. Pi gwo benefis la ka rive nan 25,000,000 Goud.

Tiraj GG World Million fèt de fwa nan yon semèn - chak Madi ak chak Vandredi. Yon jwè dwe chwazi 5 nimewo de baz ak 2 nimewo anplis. Yon gwo lo kòmanse pou pi piti nan alantou 90,000,000 Goud, kidonk se yon jwèt ou ta dwe jwe.

Ou ka wè dènye rezilta tiraj Loto Ayiti yo sou sit entènèt ofisyèl la, gras ak aplikasyon ofisyèl pou telefòn ki disponib sou Google store la ak lakay ajan lokal Loto Ayiti yo.

Loto Ayiti ki pi resan ap genyen nouvo jwè fidèl chak jou. Se pa etonan - menm jan nou te di l' deja - tout Ayisyen renmen jwèt bòlèt epi yo kwè yon jou yo pral gen anpil chans epi yo pral genyen anpil kòb.

Loto Ayiti se pa sèlman yon chans pou fè lajan, men li kreye tou yon opòtinite pou jwenn yon nouvo djòb ak gwo pwojè. Tout moun ki majè an Ayiti ka rantre nan ekip ofisyèl ajan bòlèt la epi travay avèk Loto Ayiti pou ka fè lajan.

Pou rezime atik nou an - nou ka di ke pa gen okenn dout ke bòlèt se yon pati reyèlman enpòtan nan kilti ayisyen an. Sa a se yon chans pou yon lavi miyò epi youn nan fason pou ou amize w tou. Nou kontan paske nou kontribiye nan sa!

Bòlèt an Ayiti – tout sa ou dwe konnen - Lotto.ht (2024)

References

Top Articles
Latest Posts
Article information

Author: Ray Christiansen

Last Updated:

Views: 6020

Rating: 4.9 / 5 (69 voted)

Reviews: 84% of readers found this page helpful

Author information

Name: Ray Christiansen

Birthday: 1998-05-04

Address: Apt. 814 34339 Sauer Islands, Hirtheville, GA 02446-8771

Phone: +337636892828

Job: Lead Hospitality Designer

Hobby: Urban exploration, Tai chi, Lockpicking, Fashion, Gunsmithing, Pottery, Geocaching

Introduction: My name is Ray Christiansen, I am a fair, good, cute, gentle, vast, glamorous, excited person who loves writing and wants to share my knowledge and understanding with you.